Department of Labor Logo OSHA National News Release


8 me 2024

 

Depatman Travay la pran yon mezi ki enpòtan anpil pou tabli règ pou pwoteje moun k ap travay kote gen anpil chalè, li kontinye fè plis efò pou lwa yo kapab aplike tout kote, epi li travay pou pwoteje travayè agrikiltè yo kont danje

Tout manm komite konsiltatif yo apwouve pou yo avanse ak règ yo pwopoze yo

 

WASHINGTON – Depatman Travay la pran yon mezi ki enpòtan anpil pou goumen kont danje ki mache ak chalè nan lokal kote moun ap travay, epi li avanse nan pwojè li pou pibliye yon règ yo pwopoze pou redui gwo risk pou sante ki gen rapò ak ekspozisyon ak chalè pou moun k ap travay deyò oswa anndan Ozetazini.

Nan dat 24 avril 2024, Administrasyon Sekirite ak Sante nan Travay la (Occupational Safety and Health Administration), ki fè pati Depatman an, te prezante yon premye vèsyon pou yon seri règ li ta renmen aplike pandan yon reyinyon komite konsiltatif pou sekirite ak sante nan konstriksyon an. Komite a bay ajans lan konsèy sou nòm ak règleman yo nan domèn sekirite ak sante. Tout moun ki fè pati komite a te rekòmande pou OSHA kontinye avanse rapid sou règ yo pwopoze yo. Nan kad pwosesis pou tabli nouvo règ yo, ajans lan pral mande anpil diferan moun ki konsène ak piblik jeneral la opinyon yo pandan l ap travay pou finalize règ li vle pwopoze yo.

Annatandan, OSHA kontinye konsakre anpil resous pou bay enfòmasyon e pou aplike lwa ki egziste yo, pa egzanp pou edike anplwayè yo ak travayè yo epi pou mande biznis yo kont lè yo vyole dispozisyon sou devwa jeneral la ki nan lwa sou sekirite ak sante nan travay la (Occupational Safety and Health Act), 29 U.S.C. § 654(a)(1), ak lòt règlemantasyon ki aplike. Tanperati yo monte anpil toupatou nan peyi a epi sa vin fè gen plis risk pou moun yo nan travay yo, sitou pandan sezon chalè a. Chak ane, se plizyè dizèn travayè ki mouri e se plizyè milye travayè ki tonbe malad akoz gwo ekspozisyon ak chalè a. Malerezman, nan pifò ka sa yo, yo te ka evite ensidan an.

Men sa Doug Parker, ki sekretè adjwen pou sekirite ak sante nan travay la, te esplike: “Travayè yo ki fè fas ak yon risk pou yo malad akoz chalè a bezwen yon nouvo règ k ap pwoteje yo kont danje ki mache ak chalè a. OSHA ap travay di pou mete sou pye yon nouvo règlemantasyon pou pwoteje travayè yo kont danje ki gen rapò ak chalè a. Pandan n ap jere pwosesis ki nesesè pou nou kreye pwoteksyon sa yo, OSHA pral itilize tout zouti li genyen yo pou mande anplwayè yo kont lè yo pa pwoteje travayè yo kont danje tankou chalè. Pa egzanp, nou otorize pou nou anpeche anplwayè yo ekspoze travayè yo ak kondisyon ki ka prezante yon danje ki pandye sou tèt yo.”

Ajans lan kontinye mennen enspeksyon sou chalè nan kad pwogram ki rele National Emphasis Program – Outdoor and Indoor Heat-Related Hazards, yon pwogram li te mete sou pye an 2022. Pwogram sa a enspekte lokal kote moun ap travay yo kote gen anpil danje ki gen rapò ak chalè nan objektif pou anpeche travayè yo blese, tonbe malad oswa mouri alòske sa te ka evite. OSHA gentan fè prèske 5,000 enspeksyon sou chalè depi pwogram sa a kòmanse.

Mete sou sa, kounye a, ajans lan bay priyorite pou enspeksyon ki pwograme nan sektè agrikilti kote yo anplwaye travayè H-2A tanporè ki pa imigran pou travay ki gen pou fèt pandan sezon agrikilti a. Travayè sa yo plis vilnerab poutèt yo pa pale lang lan byen, yo gen mwens kontwòl sou kondisyon y ap viv ak kondisyon y ap travay yo, epi yo konn manke aklimatizasyon, konsa yo fè fas ak yon pi gwo risk pou yo ekspoze ak gwo chalè.

Lalwa egzije pou anplwayè yo pwoteje travayè yo kont danje ki mache ak ekspozisyon ak chalè a e pou yo mete sou pye yon plan sekirite ak sante ki apwopriye. Pou pi piti, anplwayè yo ta dwe bay travayè yo dlo frèt pou yo bwè, yo ta dwe pèmèt yo pran pòz epi yo ta dwe prepare yon zòn ki gen lonbray oswa ki fre pou yo repoze.  Moun ki fèk anboche yo oswa anplwaye ki retounen travay nan yon zòn ki gen anpil chalè yo ta dwe jwenn ase tan pou yo vin abitiye ak travay anba gwo chalè a. Epitou, travayè yo ak manadjè yo ta dwe resevwa yon fòmasyon pou yo ka idantifye epi evite maladi ki gen rapò ak chalè poukont yo.

Men sa Parker te ajoute: “Okenn travayè pa ta dwe malad oswa mouri poutèt anplwayè l la te refize ba l dlo oswa ba l poz pou li refè anba gwo chalè, oubyen poutèt anplwayè l la pa t aji jan l te sipoze fè sa apre travayè a te kòmanse gen sentòm maladi chalè.”

Jan li toujou konn fè sa, OSHA pral pataje enfòmasyon ak Eta yo ki gen pwòp pwogram sekirite ak sante nan travay yo epi li pral kowòdone efò l yo avèk Eta sa yo pou yo ka aplike lalwa kòmsadwa. Mete sou sa, espesyalis asistans pou konfòmite ajans yo reyini regilyèman avèk asosyasyon anplwayè yo, travayè yo ak gwoup defansè yo, ak sendika yo pou bay yo enfòmasyon ak edikasyon sou danje ki gen rapò ak chalè.

Jwenn plis enfòmasyon sou OSHA. Jwenn plis enfòmasyon sou travay nan anviwònman ki gen anpil chalè deyò oswa anndan

 

Kontak pou medya yo:

Patrick Malone, 202-997-3512, malone.patrick.m@dol.gov
Paloma Renteria, 202-579-1643, renteria.paloma.b@dol.gov

Nimewo kominike a:  24-882-NAT